KOLEKSYON Kreyòl Pale... Kreyòl Konprann

Jan Kreyòl la pale sou tè Ayiti Toma

KÒMANSMAN REFLEKSYON SOU LEKARISTI

Père Robert Pierre-Louis

“Kòman pou mwen ta peye Granmèt la pou tout sa li fè pou mwen yo? M ap leve kalis delivrans lan anlè – epi M ap rele Non Granmèt la”. (Sòm 116, 12 – 13) KONBYEN ki ale nan lamès chak dimanch ki janm poze kesyon: kisa lamès la ye? Lamès oubyen Lekaristi, ki kote mo sa yo soti? Kisa mo sa yo vle di? Lè lamès la pral fini, pè a di moun yo: “Ale ak kè kontan” – an Fransè: “Allez dans la paix du Christ” – an anglè (youn nan fòmil yo): “The mass is ended, go in peace” – en espayòl (youn nan fòmil yo): “Podéis ir en paz… La misa ha terminado”. Tradiksyon se trayizon – Tout lang sa yo pa rete fidèl ak vèsyon laten an: “Ite, missa est”. Sa vle di: “Ale, misyon an kòmanse”. Se nan fraz sa a mo LaMès (la Messe, the Mass, la misa) soti. Chak fwa nou ale lamès, nou al plonje rasin nou nan sous la – nou al manje pen sa a k’ap ban nou fòs pou nou retounen kote nou soti a pou nou ale pote mesaj Kris la bay tout moun nou rankontre. Nou manje kò li. Se li k’ap viv nan nou, nou ale pou nou kite limyè renmen li an klere sou vizaj nou; konsa n’ap klere tankou flanbo(1) nan gwo fè nwa ki deyò a. Nou pa vin nan mès, pou nou an pè ak konsyans nou. Nou pa vin nan mès pou nou montre nou fè devwa nou. Nou vin nan mès paske nou se manm nan fanmi a, nou gen dwa epi nou gen devwa nan kay la. Nou vin nan mès pou nou vin pran fòs pou nou pati nan misyon, pou nou kontinye pelerinaj nou sou tè a, nou vin kominye – pou nou fè youn ak Granmèt la, pou nou fè youn ak frè ak sè nou yo – pa sèlman nan pawas nou an, men ak tout frè ak sè nou yo sou tè a ki se manm kò mistik Kris la. Lamès la se lapriyè Legliz la, se pi gwo lapriyè a, sa ki pi wo pase tout Priyè epi se nan li tout lòt priyè yo plonje rasin yo(2) – se lapriyè pèp Bondye a – chak fwa pè a leve patèn nan ak losti a pou ofri li bay Bondye, li ranmase tout nou menm: mizè nou, pwoblèm nou, maladi nou, sa ki fè nou kriye, sa ki fè nou ri, tout sa nou ye ak tout sa nou genyen – li ofri yo tout bay Bondye, gras ak konkou Lesprisen an, epi pa lantremiz Jezi Kri – li menm ki se sèl gran prèt la. Pen sa a nou vin ofri a, diven sa a nou vin ofri a – se Bondye ki ban nou bon konprann pou nou ka mete grenn ble a nan tè a – pou nou plante pye rezen an. Nou vini ak fwi travay nou – fwi tè a. Nou vini ofri yo bay Bondye, nou ofri li yo, pou li transfòme yo epi pou li retounen yo ban nou. Nou pote yo ba li – nou vin di li mèsi. Lekaristi – se lapriyè Legliz la – se Legliz la k ap di Bondye mèsi: εὐχαριστία (eukharistía) – paske Jezi pran pen an ak diven an, li leve je li nan syèl la, li di Bondye Mèsi – epi li mande pou nou fè menm jan ak li. Nou (nou: se tout pè yo) dwe kontinye fè jès sa a – nou dwe kanpe nan plas Jezi Kri – nou dwe kanpe pou li – li nan nou menm, se li menm menm ki kanpe – nou fè yon sèl ak li pandan n ap leve pen an ak diven an anlè pou nou rele non Granmèt la, pou nou di Bondye mèsi. Sa pa dwe janm sispann, jiskaske Jezi Kri retounen ak gwo bèlte li. Se pa yon pyès teyat n ap prezante. Sa n’ap ofri a, sa n ap selebre a, se menm sakrifis sa a – sa Jezi te kòmanse jou Jedi Sen an epi li kontinye li nan jou Vandredi Sen an – se menm sakrifis la. Vandredi sen an sakrifis sa a te fèt nan san koule. Chak kote nou selebre lamès, se menm sakrifis la ki fèt – Jezi pa soufri ankò, san li pa koule ankò – men sa nou manje a, ak sa nou bwè a – se kò li ak san li pou gerizon ak delivrans nanm nou– ak pou delivrans tout tè a, se garanti lavi pou tout tan an – lavi sa a li pwomèt nou tout moun ki batize yo. NOU PA ASISTE - NOU PATISIPE Batèm nou ban nou dwa pou nou patisipe – paske lè nou batize, nou vin tounen manm nan pèp Bondye a – Pèp sa a, kote Jezi se Gran Wa a, Jezi Kri se sèl Pwofèt la, epi Jezikri se sèl Gran Prèt la. Sen Toma Daken di: Jezi se “fons totius sacerdotii”.(3) Se nan li menm nou vin tounen sa nou ye a, nou tout ki resevwa “sasèdòs ministeryèl” (4) – se gras a li menm gwo chanjman sa a rive nan nou – yon chanjman total kapital – yon mak – pote mak sonje, yon so ki poze nan nanm nou, anyen paka efase li (5) – yon chanjman nan tout sa nou ye kòm moun (6) pou nou ka rive sanble ak Kris la tout bon – pou lè nou dèyè lotèl la; tout bon vre, nou kanpe: “In persona Christi capitis ecclesiae”.(7) Nou pa kanpe nan non li sèlman – nou kanpe pou li – nou kanpe avèk li – li nan nou, nou nan plas li, nou vin tounen “Alter Christus” pandan n’ap di: “Pran manje: sa a se kò mwen. Pran bwè: sa a se san mwen”. Se san mwen paske: “mwen” pa-m nan fonn nan “mwen” Kris la. Se tout pèp Bondye a k’ap selebre lamès – chak moun nan nivo pa li – nou pa vin asiste, nou vin patisipe. Nou kapab patisipe paske nou se yon ras kote tout moun se prèt nan Jezi Kri pou Bondye Papa a. ATANSYON - DANJE - TANTASYON! Se vre, mwen se prèt pou tout tan, men an menm tan an tou, vin prèt, se pa yon dwa – ni mwen pa posede sasèdòs la, li pa pou mwen – se yon apèl, yon vokasyon, yon kado – mwen dwe apresye. Se yon privilèj mwen resevwa nan men Kris la – sa pa mete mwen pi wo pase okenn moun. Sa mete mwen nan mitan tout frè ak sè mwen yo ki resevwa batèm nan, menm jan ak mwen – sa mete mwen nan sèvis defèt lasèt sandal yo pou mwen lave pye yo. Sa banm otorite ak pouvwa – yon otorite pou mwen sèvi – yon pouvwa pou mwen padone peche yo – yon pouvwa pou mwen konsakre pen an ak diven an, pou yo vin tounen Kò ak San Jezikri – pou mwen egzèse pouvwa sa a fò mwen fè sa Legliz la mande – fò mwen mache men nan men ak Evèk mwen – mwen pa ka prèt epi pou mwen ap regle koze pa mwen akote – pandan mwen meprize sa Legliz la mande – pandan mwen refize fè sa evèk mwen mande mwen. Epi tou, mwen dwe fè efò pou mwen mache men nan men ak konfrè prèt mwen yo tou. Se yon sèvis ki pran tout mwen menm. Jan mwen ye a, yon moun, yon gason – ak kè kontan mwen, lapenn mwen, soufrans mwen, peche mwen, frajilite mwen genyen tankou tout moun. Mwen pa gen rezon pou mwen ap gonfle lestomak mwen – se tout tan pou mwen ap gade Kris la nan je – se nan je pa li mwen dwe gade vizaj mwen – mwen se prèt, mwen se bèje – m’ap swiv Kris la ki gen yon kè li tou dou. Li menm ki se premye bèje a – li menm ki konfye mwen misyon sa a. Mwen dwe fè efò pou mwen vin sanble ak li chak jou pi plis; sanble ak li nan renmen, nan bon kè, nan konpasyon, nan kè ki tou dou: imilite. Legliz Holy Family – Brooklyn, NY 2018 Referans: (1) Filipyen 2, 15 (2) Lumen Gentium, n. 11 (3) Sòm Teyolojik, III, q. 22, a. 4 (4) Sasèdòs ministeryèl: se yon ekspresyon yo itilize pou tout gason ki konsakre prèt. Yo resevwa sasèdòs ministeryèl – yon lòt kote ou jwenn: ”sasèdòs fidèl” yo: tout moun ki batize antre nan pèp sa a, kote tout moun se prèt. (5) Katechis Legliz Katolik la n. 1583. (6) JEAN-PAUL II, Exhort. ap. post-synodale Pastores dabo vobis, 11. (7) Lumen gentium, n. 28 et Presbyterorum ordinis, n. 2 e 13.

Aprann konnen bib la chak jou pandan yon lane sèlman! Klike la:

 uuu
Radio Providence Une source inépuisable de bien-être

© 2017-2023 • Koleksyon Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann