KOLEKSYON Kreyòl Pale... Kreyòl Konprann

Jan Kreyòl la pale sou tè Ayiti Toma

“Kolèksyon kreyòl pale, kreyòl konprann”, se yon inisyativ Pè Robert Pierre Louis, Patrick, ak Gilberthe Dorsainvil. Nou vle poze yon ti wòch nan bati lang nou an. Nou vle ankouraje dyalòg sa a nan mitan tout moun ki renmen epi ki zanmi lang kreyòl ayisyen an. Yon dyalòg ki kouvri tout kouch nan sosyete peyi nou an ak nan rapò nou genyen ak lòt peyi: entèlektyèl, relijye, kiltirèl, sosyal, politik, elatriye. Kòman nou pale sa n ap viv. Kòman nou pale sa nou santi. Kòman nou pale sa ki nan lespri nou. Kòman nou pale sa nou vle? Pale yon fason ki klè, entelijib, lojik, ak lide ki anchennen youn ak lòt. Tankou Maurice Sixto di li, nan Zabèlbòk Bèrachat: “Mwen pa gen kont ak okenn lang. Kreyòl la se lang mwen. Se li mwen konn pale. E kreyòl pale, kreyòl konprann”. Kreyòl la, jan yo pale li sou tè Ayiti Toma a, bout tè sa ki rele pèp Ayisyen an: “Chè mèt … Chè mètrès”.

 

Ayiti Toma, Ayiti cheri ak yon istwa ou pa tande okenn lòt kote. Premye moun ki rakonte Istwa sa a, se yon ekriven Ayisyen ki rele: Thomas Madiou. Kote yo pale sou Ayiti, yo di Ayiti jan Toma (Madyou) pale li an – Ayiti toma a.

 

Nan menm vizyon sa, nou deja ekri, edite ak pibliye nan pawas Holy Family nan "Canarsie Brooklyn", kèk liv pou ede frè ak sè nou yo genyen plis fòmasyon espirityèl nan tout sa ki konsène relijyon Katolik la. Nan kolèksyon nou, genyen: Leksyonè: Lèkti Dimanch, Tan Lavan - Tan Pak, Wòl manman Mari Nan Wout Bondye Pran Pou Sove Lèzòm, Louanges Mariales, Chemen Lakwa, ak Dimanch Ramo. Mwen envite nou li liv sa yo pandan m ap swete nou bòn lèkti!

 

Pè Robert Pierre-Louis

Vikè Bazilik Sen Patrik

Monreyal, Kanada

 

Klike LA pou n achte liv nou bezwen YO → KILÈS NOU YE?

© 2017-2023 • Koleksyon Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann