KOLEKSYON Kreyòl Pale... Kreyòl Konprann

Jan Kreyòl la pale sou tè Ayiti Toma

ALFABÈ LANG KREYOL AYISYEN AN
ALFABÈ KREYÒL LA GEN 32 SIY OSWA SENBÒL: a an b ch d e è en f g h i j k l m n ng o ò on ou oun p r s t ui v w y z PA GEN SON u, c, q, x NAN LANG KREYÒL LA VWAYÈL NAN LANG KREYÒL LA: a e è i o ò ou ui NAN LANG KREYÒL LA GENYEN VWAYÈL NAZAL: an en on oun Egzanp: pantan, pen, pantalon, moun GENYEN TOU DEMI VWAYÈL: w y tankou nan wa, kay, wowoli, siy NAN LANG KREYÒL LA GENYEN KONSÒN NAZAL m n ng tankou nan lam, nap, zing EPI GENYEN KONSÒN ORAL b ch d f g h j k l p r s t v z Egzanp: bal, chat, dodo, fimen, gato, hen, jipon, kay, litani, papita, rat, sizo, vaz, zetwal GEN YON SÈL AKSAN NAN LANG KREYÒL LA KI RELE aksan fòs ou aksan grav Egzanp: bòl, zidòl, lèt, chantè (pwononse bò-l, zi-dò-l, lè-t, chan-tè), Antwàn (pwononse an-twa-n) FÒM LONG AK FÒM KOUT NAN LANG KREYÒL LA W ranplase ou, tankou ranje kò w = ranje kò ou M ranplase mwen, tankou m pa = mwen pa L ranplase li, tankou manje l = manje li N ranplase nou, tankou padone n = padone nou ANN FÈ YON TI PWATIK NAN LAPRIYÈ Papa Nou Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki Wa, se pou volonte ou fèt sou tè a, tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a Ba nou li jodi a. Padone sa nou fè w, tankou nou padone moun ki fè nou ki chòy. Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal. Amèn. SE NAN FÈ ANPIL PWATIK, N AP APRANN LI AK EKRI LANG KREYÒL AYISYEN AN
Klike LA pou n achte liv nou bezwen YO

© 2017-2023 • Koleksyon Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann