KOLEKSYON Kreyòl Pale... Kreyòl Konprann

Jan Kreyòl la pale sou tè Ayiti Toma

Lèkti Dimanch

(ANE B)

KATRIyèm Dimanch Pak

Sèvis pawòl la: (Ane B)

“Kè sansib Granmèt la plen tè a”

 

PREMYE LÈKTI

Lèkti liv Travay Apot yo   4, 8-12

Jou sa yo: Pyè plen ak Lespri Sen an, li di: “Chèf pèp la ak ansyen yo, koute. Si jodi a y’ap jije nou pou yon bon bagay ki reyalize pou mesye enfim nan, si nou bezwen konnen nan kilès li sove, ebyen aprann sa nou tout ak tout pèp Izrayèl la, se nan non Granmèt nou Jezi Kri moun Nazarèt la, sila nou te kloure sou kwa a, li menm Bondye leve sot nan pami mò yo, se nan li sila a ki kanpe devan nou an geri. Li menm menm, li se wòch la, nou menm bòs mason yo te voye jete a, ki vin tounen wòch fondasyon kay la, pa gen delivrans nan okenn lòt moun; ni pa gen okenn non anba syèl la yo bay lèzòm; ki pèmèt nou sove’’.

Pawòl Granmèt la

 

SÒM REPONS 117, 1. 8-9. 21-23

R/ Wòch la bòs mason yo voye jete a, li vin tounen Wòch fondasyon kay la.

1. Fè lwanj pou Granmèt la paske li bon, paske kè li sansib pou tout tan. Li bon pou nou kache nan Granmèt la, olye pou nou met konfyans nou nan moun. Li pi bon pou nou kache nan Granmèt la olye pou nou met konfyans nou nan chèf. R/

2. M ap fè lwanj ou, paske ou koute mwen, ou tounen delivrans mwen. Wòch la bòs mason yo te voye jete a, se li menm ki vin tounen Wòch fondasyon kay la. Se sèlman Granmèt la ki ka fè sa, se yon mèvèy ekstraòdinè nan je nou. R/

3. Konpliman pou sila k ap vini nan non Granmèt la. Pandan nou nan kay Granmèt la, n ap beni ou. Se Bondye mwen ou ye, m ap fè lwanj ou, Bondye m ap leve non ou anlè, fè lwanj Granmèt la poutèt li bon, paske se pou tout tan kè li sansib. R/

 

DEZYÈM LÈKTI

Lèkti premye lèt Jan ki sen  3, 1-2

Nou menm mwen renmen anpil la: gade ki kalite renmen Papa a gen pou nou, yo rele nou pitit Bondye epi se sa nou ye vre. Se pou sa tè a pa konnen nou, paske nou konnen li. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a nou se pitit Bondye, sa n ap ye a poko parèt. Nou konnen lè l ap parèt, n ap sanble avèk li, paske n ap wè li jan li ye.

Pawòl Granmèt la!

 

Aklamasyon   Jn. 10, 14

Alelouya, alelouya. R/ Mwen se bon Gadyen an, deklarasyon Granmèt la; Mwen konnen mouton mwen yo, mouton mwen yo konnen mwen tou. Alelouya, alelouya. R/

 

LEVANJIL

Lèkti Levanjil ki sen an dapre Jan 10, 11-18

Lè sa a, Jezi di: ‘‘Mwen se bon gadyen an. Bon gadyen an bay lavi li pou mouton li yo. Men anplwaye a ak sila ki pa gadyen an, sa mouton yo pa pou li a, lè li wè lou a ap vini, li kite mouton yo, li sove kò li, lou a menm devore mouton yo, li gaye yo. Anplwaye a sove kò li paske se sèlman djòb li l’ap fè, li pa okipe mouton yo vrèman. Mwen menm mwen se bon gadyen an, mwen konnen sila yo ki pou mwen yo, sila yo ki pou mwen yo konnen mwen tou. Menm jan Papa a konnen mwen epi mwen konnen Papa a, epi mwen bay lavi mwen pou mouton mwen yo. Mwen gen lòt mouton, ki pa nan patiraj sa, yo menm tou, mwen gen pou mwen mennen yo, y’ap koute vwa mwen, ap vin gen yon sèl patiraj ak yon sèl Gadyen’’.

Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la!

 

== ==

 

PRIYÈ KOMINOTÈ

Dimanch 21 Avril 2024

 (Ane B)

“Mwen konnen mouton yo”

 

1- Pou legliz la

“Mwen se bon gadyen an. Bon gadyen an bay lavi li pou mouton li yo”. N ap lapriyè pou Pap François, pou Evèk yo, pou Pè yo, ak Dyak yo. Ann mande Bondye pou l voye lespri bon gadyen an sou yo. Konsa menm jan ak Kris la, yo gide pèp Granmèt la sou wout sentete a pandan y ap kontinye simaye levanjil la.

Annou lapriyè.

 

2- Pou dirijan yo

‘‘Fè lwanj pou Granmèt la paske li bon, paske kè li sansib pou tout tan". N ap lapriyè pou dirijan politik yo ak responsab peyi yo, n ap mande Bondye pou l transfòme kè yo toupatou sou tè a, konsa y a simaye bon jan renmen nan sosyete y ap dirije yo, espesyalman kote k gen latwoublaj.

Annou lapriyè

 

3- Pou Malad yo

“M ap fè lwanj ou, paske ou koute mwen, ou tounen delivrans mwen”. N ap lapriyè pou tout moun ki malad nan kominote nou an, e pou tout moun k ap soufri. Ann mande Bondye nan kè sansib li a, pou l geri yo e bayo fòs pou yo kapab temwaye ke Jezi Kri se sila ki Sovè yo.

Annou lapriyè!

 

4- Pou Jèn yo

Jezi di nou: “Mwen konnen sila yo ki pou mwen yo, sila yo ki pou mwen yo konnen mwen tou.” N ap lapriyè pou jèn nan kominote nou an, ak tout jèn nan sosyete a. Ann mande Bondye pou l ogmante lafwa yo konsa y a tounen sila yo k ap montre frè ak sè yo wout ki pou mennen yo bay Kris la.

Annou lapriyè!

 

5- Pou kominote nou an

“Wòch la bòs mason yo voye jete a, li vin tounen wòch fondasyon kay la”. N ap lapriyè pou kominote nou an, pou gwoup, ak layik angaje yo. Ann mande Bondye pou l fè yo tounen bon gadyen k ap pran swen ti mouton l yo.

Annou lapriyè!

Radio Providence Une source inépuisable de bien-être

TELECHAJE PRIYÈ KOMINOTÈ A

© 2017-2023 • Koleksyon Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann